Pwodwi nou pa ka voye (transpòtè a refize yo):
- Ayewosòl ak tout pwodwi ki anba presyon: spray an bonbòn, lè konprime, mous, chanpou sèk an spray.
- Bonbòn gaz: CO2, elyòm, pwopàn, bitàn, gaz kanping.
- Pwodwi ki ka pran dife: gazolin, kewozèn, briket, alimèt, fe atifis, vèni zong, asetòn, alkòl pou fwote, pafen ak kolòy.
- Eksplozif, minisyon, zam ak pyès zam.
- Pwodwi korozif ak chimik danjere: asid, klowòks, debouche tiyo, pestisid, pwazon rat.
- Likid nikotin (vape juice).
- Plant vivan, grenn pou plante, bèt ak ensèk vivan.
- Manje perisab.
Pwodwi ki mande verifikasyon (yo pa entèdi):
- Likid, krèm ak jèl ki pa danjere (losyon, chanpou, krèm, sewòm).
- Kosmetik ak makiyaj.
- Aparèy ak batri, elektwonik, power bank.
- Bijou, medikaman, vitamin ak sipleman.
- Gwo pwodwi oswa pwodwi ki lou.
Ekip la konfime yo anvan kotasyon an. Si yon pwodwi pa ka voye, n ap di w sa anvan ou peye.